lundi 6 octobre 2008


Sur ton corps qui,
remplit la nuit
les mots deshabilles
refont le langage des solitudes
Et je suis ce corps
imprime sur ta ville
imbibee de pleurs
dans le murmure de ta nuit.

vendredi 18 avril 2008

nou de

Kous la apenn koumanse
mwen plis anvi baw devan
mwen plis anvi gade'w kap kouri
kouri ou met kouri
se tout piblik la kap chofe'w
ou pa gen enterè gade dèyè
youn,2 ,3 tout jwè yo
pase devan'w
kous la te gentan fini
ou te kontinye ap kouri tou piti
feblès ou pou mwen pat pèmèt
ou kouri kite'm
Konsyan ke nou se 2 pèdan
tout piblik la te kanpe
lè 2 bo pou salye'n
Kap rive ansanm
men nan men

ou minm

Powèt se sa ou di'm ye
Imaginasyon'm
ak enspirasyon'm
Se sitou lè'w souri devan'm
Yo vinn jwenn mwen
Tankou Picasso te ka di
"je ne cherche rien,je trouve"
se diferan pou mwen
Chak bagay ki nan ko'w
Se sous ki pèmèt mwen
Konprann dimansyon la vi
Imaj ou pÕtre sent vièj mari
Ki kloure nan chapel legliz katolik
Tout pè ka fè eloj ou
Di ke'w se fanm
Ki diferan nan mitan tout lot yo
San jamè oze touche'w

kisa ki inpotan

Lakou ko'm se la kou eritaj
Ou men'm selman keritye
Ginen yo se chak branch trip
Ki makonen'm ave'w
Ou ka ponpe sote kod jan'w vle
Yon ti dous,yon ti cho se bagay
ki mezire
Ou ka jwe ti lago kache'w
ou pa bezwen enkyete'w
Mwen konn ki bo pou'm jwenn ou
ou ka benyen nan tout
Rigol ak kanal vi'm
Dans vodou yo ap fèt jan'w vle
Tanbou,vaksin chyachya
Ak vwa ronsi yo sifi
Pou'n kreye anbyans dan griyen
Nan kanton yan
Nou pap bezwen mayestro
Pou mezire ak bat mezi
Sa pap telman enterese'n
Pou'n konnen
Pou ki se yon blanch ki bay 2 nwa

dimanche 30 mars 2008

M' anvi'w

M'anvi sekle jaden'w
Tankou peyizan ki kwè
Ke richès se nan tè
li rete

M'anvi file'w tankou zegui
monte'w tankou sevolan
Pou'm ka gade zèl papye fin'w
Ak diferant koulè
Nan syel bonè'm
Kap fè zi kap avè'w

M'anvi koule e voye ale
Tout lot sèvolan dezagreman
Ki vle makonen ake'w
M'anvi di'w sa'm pa janm di
Okenn lot moun
M'anvi di'w
Mwen renmen'w

lundi 24 mars 2008

Larmes

Que veux tu je fasses de ma vie

quand je pense a toi
les larmes coulent
de mes yeux
me servent de nourriture
la nuit dans mon lit
elles innondent mon oreiller
et sont capables meme
d'inonder le monde entier
GD

Mwen jwenn ou"

fan'm sa se yon grenn soulye
ki kache anba kabann mwen
m'ap chache'l
fan'm sa pa lot bagay
ke kerozenn nan lanp tet gridap mwen

fan'm sa se esens
ki pou pati mote'm
ki kanpe depi tro lontan
nan garaj

fan'm sa mwen tap chache'l
lontan
mwen vle rete kotel
li se sel sous lespwa'm